Apèl pou Aksyon: Restavèk! Esklavaj Timoun nan Ayiti

Evènman sa a gentan pase
Gratis

Yo soti nan tout zòn nan Ayiti. Pifò ladan yo kite zòn riral pou chèche yon lavi miyò nan vil la. Yo rele yo anpil non: Restavèk, bòn (menaj), domestik (sèvitè domestik), gason lakou (janitè), men nan pifò pati nan mond lan, yo ta konsidere yo kòm esklav timoun. Pwofesè Claudy Delne, Doktè Goldsmith Dorval, epi Madmwazèl Gepsie Metellus ap diskite sou sitiyasyon difisil anpil timoun esklav ayisyen k ap viv ak travay nan move kondisyon, ansanm ak faktè ekonomik ak sosyal ki pouse paran yo abandone responsablite pou elve pitit yo, voye yo nan yon lavi san edikasyon, ki make pa eksplwatasyon fizik, e souvan, seksyèl ak abi. Pannelis yo pral abòde kesyon sa yo: Kisa Ayisyen, ak moun ki pa Ayisyen, ka fè pou ranje sitiyasyon an? Ki moun ak ki òganizasyon k ap travay aktivman sou teren an, ak nan Dyaspora a, pou ankouraje ranje pwoblèm nan? (entèpretasyon an menm tan an nan lang Anglè lè sa apwopriye)

Evènman rekòmande

An pèsòn
- 3:00 pm