Fanm Vanyan Kontanporen / Fanm Vanyan Jodi a

Evènman sa a gentan pase
Gratis

Malgre anpil limitasyon ak atant sosyete ayisyen an mete sou fanm, ekriven fanm yo ap jwenn vwa yo epi enspire lòt moun. Kat ekriven motivasyonèl pral ofri yon ti diskisyon sou vwayaj diferan yo pou pibliye premye liv yo, ki gen ladan preparasyon maniskri ak travay ak mentò yo. Chak otè pral pataje eksperyans yo sou sa sa mande pou w demake w nan foul la, eksplore posiblite kreyatif ak pratik nan ekriti oto-èd, epi diskite sou fason yo libere tèt yo anba limit kiltirèl ak prejije (konsyan/enkonsyan) ki pafwa anpeche fanm fè zak transgresif pou yo ekri onètman sou lavi yo. Avèk Rebecca N. Carmant, otè Limyè solèy sou lanmè tanpete, Françoise Elizée, otè Ayiti Redekouvri, Nathalie Nérée, otè Kanpe nan lafwa, epi Kara Vaval Ferrier, otè 28,000 jou. Modere pa Gina Athena Ulysse, otè Paske Lè Bondye twò okipe. (An Anglè, ak entèpretasyon an menm tan an an Kreyòl Ayisyen)


Malgre tout limit ak atant sosyete ayisyen an mete sou fanm yo, ekriven fanm yo jwenn vwa yo epi enspire lòt moun. N ap gen kat ekriven motivatè ki pral ofri yon diskisyon kout sou diferan chemen yo te pran pou pibliye premye liv yo, sa gen ladan preparasyon maniskri a epi travay ak gid yo. Chak otè pral pale de eksperyans li sou sa sa mande pou w sòti nan foul la, eksplore posibilite kreyatif ak pratik yo lè w ap ekri pou ede tèt ou, epi diskite sou fason yo libere tèt yo anba limit kiltirèl yo ak prejije (en)konsyan ki pafwa anpeche fanm yo fè zak ki pa respekte règ yo, ki se ekri onètman sou lavi yo. Avèk Rebecca N. Carmant, otè Limyè solèy sou lanmè tanpete, Françoise Elizée, otè Ayiti Redekouvri, Nathalie Nérée, otè Kanpe nan lafwa, ak Kara Vaval Ferrier, otè 28,000 jou. Moderatè: Gina Athena Ulysse, otè Paske Lè Bondye twò okipe. (An Angle, ak entèpretasyon an kreyòl ayisyen)

Evènman rekòmande

An pèsòn