Kreyòl, Kreyolè: Rejyonalis nan Kreyòl Ayisyen (Moun pal nan Nò ak moun pal nan Lwès ak Sid) Avèk Pwofesè Jean-Robert Placide ak Pwofesè Yvon Lamour. Modere pa Madmwazèl Sherley Louis, Mèt nan Edikasyon. Gen ladan segman espesyal ak atis Morel Doucet ak blog L'Union Suite sou stil lavi, touris, kilti, sosyete ak divètisman Ayisyen-Ameriken.
Chak lang genyen dyalèk rejyonal. Kreyòl Ayisyen tou sijè a varyasyon sa yo. Nan Kreyòl Nò, gen mo, fraz, ak pwononsyasyon ki diferan de lòt rejyon nan Ayiti. Ayisyen nan pati Sid ak Lwès peyi a pa gen mo sa yo nan vokabilè yo. Pafwa, menm mo yo gen sans diferan selon kote yo pale yo.
Nan panèl sa a, nou egzamine fenomèn sa a epi nou mande: Èske varyasyon rejyonal sa yo sòti nan separasyon lengwistik ki te fèt apre lanmò Jean-Jacques Dessalines, lè de sistèm edikasyon te parèt nan Ayiti, youn an franse nan Sid ak Lwès ak Pétion; lòt la an angle nan Nò/Nòdwès ak Henri Christophe?
Nan tout lang gen dyalèk rejyonal. Kreyòl ayisyen an gen menm varyasyon sa a ladan. Nan kreyòl nò peyi a, gen mo, ekspresyon ak pwononsyasyon ki pa menm ak nan lòt rejyon peyi Dayiti. Ayisyen nan pati Sid ak nan pati Lwès peyi an pa genyen mo sa yo nan vokabilè yo. Pafwa menm, menm mo yo pa gen menm siyifikasyon tout kote.
Nan panèl sa a, n ap egzamine fenomèn sa a epi mande: Èske varyasyon rejyonal sa a soti nan separasyon lengwistik la apre lanmò Jan Jak Desalin, lè te gen de sistèm edikasyon ki te parèt an Ayiti, youn an Franse nan Sid ak Lwès ak Petion; lòt la an Anglè nan pati Nò/Nòdwès la ak Anri Kristòf?
![]()
Festival Ti Liv Ayiti a fè pati pwogram ReadCaribbean nan Fwa Liv Miami a, e li resevwa sipò an pati nan Green Family Foundation, Depatman Afè Kiltirèl Konte Miami-Dade ak Divizyon Afè Kiltirèl Florid.