Mouvman #MeToo nan Kominote Afro-Karebyen yo

Evènman sa a gentan pase
Gratis

An kreyòl ayisyen avèk entèpretasyon senkron nan lang angle

Nan anpil kominote Afriken-Kareyeb, reyaksyon yo devan mouvman #MeToo a souvan montre yon mank refleksyon apwofondi sou abi; an reyalite, reyaksyon sa yo ka menm endike yon ogmantasyon nan nivo vyolans ki baze sou sèks kòm yon nòm. Fanm ki gen ase kouraj pou pale sou sa yo te andire souvan yo fèmen bouch yo oswa yo fè yo fè fas ak kritik poutèt yo chwazi mande jistis. Akademisyen ak pwofesyonèl nan ekriti pral diskite sou liy ki pa klè ant abi ak sa yo konsidere kòm relasyon sèks "nòmal" ak konpòtman gason "natirèl" nan Ayiti ak lòt peyi Afriken-Kareyèn, epi prezante ide sou fason literati ka sipòte fanm yo nan peyi ki pòv oswa ki nan konfli. Avèk Jidit Blan (psikològ rechèch), Monique Clesca (Espesyalis Nasyonzini), Marlene Chouloute-Hyppolite (ekriven), epi Jòj Bousou (aktivis dwa moun). Modere pa Anaïse Chavenet (piblisitè literè). [An kreyòl ayisyen avèk entèpretasyon an menm tan an anglè]

Mouvman ##MeToo nan Kominote Afro-Karibeyen yo
Nan anpil kominote afwo-karibeyen, reyaksyon an rapò ak mouvman #MeToo a souvan reflete yon mank refleksyon apwopriye sou abi ki fèt sou viktim yo; Pafwa menm, mouvman an vin lakòz plis vyolans toujou, kòmsi vyolans ant de sèks yo se t ap yon bagay ki nòmal. Fanm ki gen ase kouraj pou denonse sa k te pase yo oblije fèmen bouch yo, oswa yo sibi reprezay paske yo chwazi mande jistis. Pwofesè inivèsite ak pwofesyonèl nan domèn ekriti pral diskite sou diferans ki genyen ant abi ak sa anpil ayisyen konsidere kòm relasyon "nòmal" ant fanm ak gason oswa kòm konpòtman "natirèl" gason nan peyi Dayiti ak lòt peyi afwo-karibeyen, epi prezante ide sou fason literati kapab ankadre fanm nan peyi pòv/ki gen konfli. Avèk Jidit Blan (sikològ), Monique Clesca (reprezantan Nasyonzini), Marlene Chouloute-Hyppolite (ekriven), ak Jòj Bousou (aktivis dwa imen). Animatè: Anaïse Chavenet, ajan piblisite literè.

Patwone pa

cce_miami

cce_miami

Evènman rekòmande

An pèsòn
- 3:30 pm