Taptap KRIK? KRAK! Liv ak Mizik pou Fanmi

Evènman sa a gentan pase
Gratis

Òganize pa Mahalia Solages. Avèk Krystel Kanzki, Nicolas Bélizaire ak papa li Kéké, Lucrèce Louisdhon-Louinis, Chef Thia

Wou yo sou Taptap KRIK? KRAK! ap vire wonn. Koulè e chaje ak istwa, otobis sa a ap kanpe lakay ou!

Taptap KRIK? KRAK! sou entènèt se yon nouvo emisyon sou entènèt ki konsantre sou istwa Ayisyen ak Karayib, mizik, dans, ak anpil lòt sipriz. Tout moun monte? Pwochen arè, salon ou! Gade sou Facebook oswa Youtoub ak nouvo emisyon k ap soti chak samdi nan mwa jen ak jiyè. Orè a mete ajou chak semèn isit la..

Taptap KRIK? KRAK! pwodui pa Miami Book Fair an patenarya ak Sosyete Koukouy epi avèk sipò The Children's Trust Read to Learn Books for Free, Green Family Foundation, Miami-Dade County Cultural Affairs ak State of Florida Cultural Affairs.

______________

Kawotchou Taptap KRIK? KRAK! vire tou won. Kamyonèt la chaje ak kado, epi ala bèl koulè li genyen! Ala bèl mizik li jwe! L ap vin kanpe lakay ou.

Taptap KRIK? KRAK! se yon nouvo emisyon sou entènèt ki pote istwa, mizik, dans ak lòt sipriz ki soti Ayiti ak nan lòt peyi Karayib yo. Monte taptap la! Pwochen fwa nou kanpe pou n tire kont, se lakay ou menm n ap pase! Gade emisyon an sou Facebook oswa YouTube ak nouvo sekans k ap tonbe chak de semèn pandan mwa jen ak jiyè. Si w enterese konnen kiyès n ap prezante, klike sou lyen entènèt sa a chak semèn pou wè ki otè, atis, oswa pèsonalite nou anonse.

Taptap KRIK? KRAK! se yon pwodiksyon Miami Book Fair an kolaborasyon ak Sosyete Koukouy. Emisyon an jwenn sipò nan men The Children's Trust Read to Learn Books for Free, Fondasyon Green Family (Green Family Foundation), Afè Kiltirèl Konte Miami Dade (Miami Dade County Cultural Affairs), ak depatman Afè Kiltirèl Eta Laflorid (State of Florida Cultural Affairs department).

AN KREYÒL AK AN ANGLÈ


Taptap KRIK? KRAK! Make kalandriye w: Chak dezyèm samdi a 2è nan apremidi: 30 me, 13 jen, 27 jen, 11 jiyè, ak 25 jiyè.

Taptap KRIK? KRAK! Fè jou a nan kalandriye ou: Yon Samdi sou de a 2è PM: 30 me, 13 jen, 27 jen, 11 jiyè, 25 jiyè

Evènman rekòmande

An pèsòn