Soti nan travay kay ak travay chan ki peye twò ba, rive nan esklavaj timoun ("restavèk"), ak trafik seksyèl, otè Fritz Jean ak Pierre-Michel Saint-Clair pral diskite sou aspè ekonomik ak emosyonèl esklavaj modèn nan peyi Ayiti, pataje istwa pèsonèl, epi nonmen pri pou libere esklav modèn Ayiti yo. Yon prezantasyon an Kreyòl avèk entèpretasyon an Anglè an menm tan.
Kit se moun k ap travay lakay moun pou kòb klòch, kit se kiltivatè k ap chèche viv anba solèy cho a, kit se restavèk yo maltrete, kit se viktim trafik seksyèl, Esklavaj modèn se yon gwo pwoblèm nan peyi Ayiti. Otè yo pral esplike aspè ekonomik ak emosyonèl pwoblèm sa a, epi y ap bay opinyon yo sou solisyon ki egziste pou libere moun ki nan esklavaj jiskaprezan an Ayiti. Yon prezantasyon an kreyòl ak entèpretasyon an anglè an menm tan.