Otè Pierre-Michel Chéry ak Anivince Jean-Baptiste pral egzamine literati kreyòl modèn ayisyen an, epi eksplore poukisa kreyòl ayisyen se lang chwa pou anpil ekriven ki angaje nan negosyasyon pèsonèl sou kilti, istwa, refòm sosyal, idantite, ak atizay. Panèl la ap adrese tou divèsite tèks literè an Kreyòl Ayisyen, ak efò ekriven yo ap fè san rete pou rive jwenn yon odyans ki pi laj. Yon prezantasyon an Kreyòl avèk entèpretasyon an Anglè an menm tan.
Anivince Jean-Baptiste ak Pierre-Michel Chéry pral debat sou literati modèn an kreyòl, e rezon ki fè se kreyòl anpil ekriven chwazi pou ekri sou kilti, istwa, refòm sosyal, idantite, ak tout richès pèp ayisyen. Otè yo pral pale tou sou divèsite ki genyen nan tèks literè an kreyòl, ak efò ekriven yo ap fè pou pote flanm lang kreyòl la byen wo. Yon prezantasyon an kreyòl ak entèpretasyon an anglè an menm tan.